OU PA POUKONT OU
KI SA KI ABI DOMESTIK?
Vyolans domestik rive lè yon manm fanmi, patnè, oswa ansyen patnè ap eseye domine ou fizikman oswa sikolojikman. Vyolans domestik refere a vyolans ant mari/madanm, men tou, mounn kap viv nan plasaj oubyen ansanm san yo pa marye. Genyen Twa kategori ki pi kouran nan abi ki fèt yo.
KI SA W KA FÈ?
ATAK SEKSYÈL Se nenpot kontak seksyèl ki poze oswa atansyon ki rive jwen nan fè fòs, menas, kòripsyon, manipilasyon, presyon, nan fe koken, oswa vyolans. Li se yon krim pouvwa ak kontwòl kote zak seksyèl yo te itilize pou domine ak imilye. Pa kondane tèt ou lè sa pase !!
Nan ka yon ijans, ale nan yon kote ki an sekirite epi rele 911. Si ou te viktim vyòl oswa agresyon seksyèl, rele Project Woman nan 1-937-325-3707, oswa ale dirèkteman nan lopital la.
Pwoject Woman ofri yon varyete pwogram ak sèvis pou pwoteje, edike, ak pèmèt moun ki viktim vyolans domestik ak/oswa abi seksyèl reprann yo
Sèvis Esansyèl:
Pwogram lojman:

- ABI EMOSYONÈL • Toujou ap kritike ou, rele ou nan vye non, ba ou madichon • Fe ou kanpe sou travay, zanmi ou, sou fanmi ou, ak/oswa aktivite sosyal • Imilye ou an prive ak piblikman • Ba ou manti epi eseye manipile ou • Menase pou fè ou mal oswa manm fanmi ou • Entimide ou pou fè ou kolabore ak sal mande yo • Menase pou pran pitit ou oswa veye moman vizit pou anmède ou • Menase pou denonse ou pou yo ka depòte ou.
- ABI fizik • Montre ou ke li gen zam ki ka tire • Ba ou kout nenpòt bagay • Detwi oswa endomaje sa ou posede• Kondui fason ki danjere avèk ou nan machin nan • Pouse ou, peze ou, frape ou, trangle ou, krache sou ou, kenbe ou oswa lòt manm nan fanmi an
- ABI SEKSYÈL • Ensiste pou ou abiye nan yon fason pi seksyèl • Ensiste sou manyen ou nan yon fason ou pa vle oswa ki fè pa alèz • Ba ou non sou pati entim ou fè foto san ou pa dako.
KI SA W KA FÈ?
ATAK SEKSYÈL Se nenpot kontak seksyèl ki poze oswa atansyon ki rive jwen nan fè fòs, menas, kòripsyon, manipilasyon, presyon, nan fe koken, oswa vyolans. Li se yon krim pouvwa ak kontwòl kote zak seksyèl yo te itilize pou domine ak imilye. Pa kondane tèt ou lè sa pase !!
Nan ka yon ijans, ale nan yon kote ki an sekirite epi rele 911. Si ou te viktim vyòl oswa agresyon seksyèl, rele Project Woman nan 1-937-325-3707, oswa ale dirèkteman nan lopital la.
Pwoject Woman ofri yon varyete pwogram ak sèvis pou pwoteje, edike, ak pèmèt moun ki viktim vyolans domestik ak/oswa abi seksyèl reprann yo
Sèvis Esansyèl:
- 24 èdtan liy kriz
- Lojman Ijans
- Sèvis Sante Mantal ak Rekiperasyon
- Sèvis defans
Pwogram lojman:
- Kay Tranzisyonèl
- Edikasyon mounn ki te viktim
- Sèvis Konsèy
- Jesyon Ka